Byenvini nan EveryParent!

EVERYPARENT se yon Mo anglè ke nou kapab tradwi nan lang kreyòl la ki vle di CHAK PARAN. Men nou itilize mo sa a pou nou fè yon sit entènèt ak yon aplikasyon gratis sou telefòn pou fanmi nan Palm Beach County ki ap elve timoun depi nan gwosès jiskaske yo rive nan laj adolesan.

EveryParent (ke Children's Services Council nan Palm Beach County kreye) ofri ti konsèy fyab, konsèy nan men Ekspè ak resous lokal pou rann wòl paran pi fasil. Pami sijè yo kouvri yo, nap jwenn bagay sou lasante, sekirite, edikasyon, konpòtman timoun, wòl paran, bagay ou gen pou fè ak anpil lòt.

Pou kounye a, nap jwenn atik ki nan sit EveryParent yo nan lang Anglè. Men nou kapab eseye tradwi yo nan lòt lang tankou Kreyòl nan yon aplikasyon ki rele Google Translate. Sepandan nou konnen tou, Google Translate, se pa pi bon zouti ki genyen pou tradwi bagay nan lang nou. Men, nou swete sa ka rann ni pi fasil pou fanmi yo jwenn sa yap chèche yo, epi pou rete konekte yo ak pwogram lokal yo.

Pou ou anrejistre sou sit entènet EveryParent lan, klike la a.
Pou ou anrejistre sou aplikasyon EveryParent Ian, klike la a.

Ou gen kesyon? Ou gen enkyetid? Voye yon imèl pou nou nan
EveryParent@cscpbc.org

Pou ou jwenn èd touswit, tanpri kontakte ajans sila yo ...

Si ou ansent:
Healthy Mothers Healthy Babies Coalition of Palm Beach County 
(Kowalisyon Palm Beach County pou Manman ak Tibebe ki ansante)
561-623-2800
https://www.hmhbpbc.org/

Si wap elve yon timoun ki gen mwens pase 6 lane:
HomeSafe
561-383-9871
https://www.helphomesafe.org/

Si ou ta renmen èd pou w ranpli wòl ou antanke paran:
BRIDGES of Palm Beach County
561-740-7017
https://www.bridgesofpbc.org/

Si ou bezwen èd annijans:
211 Palm Beach/Treasure Coast
2-1-1
https://www.211palmbeach.org/

Pou yon lis tout òganizasyon, pwogram ak resous sou sit entènet EveryParent lan: 
EveryParent
https://www.everyparentpbc.org/resources


Mother and daughter reading together.

Kijan pou w aprann pitit ou kwit manje kòm gran chèf kizin — san danje

Nan atik sa a, ou pral jwenn repons pou kesyon tankou:

  1. Kijan èske mwen ka kwit manje san danje avèk timoun piti?
  2. Ki ti konsèy èske mwen ka jwenn pou aprann adolesan yo?
  3. Èske kizin mwen an gen lemwens danje posib?

Lè fanmi w kole lakay yo etan yo nan konfinman sou plas, kwit manje se yon bon jan pou n elimine annwi, dapre Kathy Wall, direktè pwogram Safe Kids Palm Beach County (Timoun San Danje nan Palm Beach County). E se yon bon jan pou w anseye yo konpetans enpòtan yo. Timoun yo kapab patisipe nan ede triye, konte, mezire, li epi suiv resèt yo.

Wall di konsa, "lè w fè timoun yo patisipe nan kwit manje sa ede devlope konpetans motris yo, kowòdinasyon je ak men yo ak konsèp prekòs matematik ak syans yo".

Fè ansòt detektè lafimen nan kizin ou a ap fonksyone epi pare kò w pou w divèti w ak fanmi w!

1. KIJAN ÈSKE MWEN KAPAB KWIT MANJE SAN DANJE AVÈK JÈN TIMOUN?

Preparasyon an enpòtan nan sekirite nan kizin. Telechaje yon lis verifikasyon pou paran nan Safe Kids epi petèt ou ka afiche li sou frijidè w la. Sa gen ladann kijan pou w deplase kaswòl pou mete yo sou fwaye dèyè a, kijan pou vire manch pwelon yo pou yo pa bay sou pwent fou a, kijan pou asire fil elektrik aparèy menaje yo pa rive sou pwent kontwa a, epi kijan pou w asire w mete rad ak manch kout, ki kolan oubyen ak manch yo byen twouse pou evite brili.

Stacey Stolman, ki se fondatè òganizasyon ki pa travay pou pwofi a, Dream Chefs nan Jupiter, ki anseye timoun kijan pou yo kwit repa ki bon pou sante, di konsa "timoun dwe genyen tou pwòp seri règ pa yo anvan yo rantre nan kizin nan".

Pami règ Stolman bay pou timoun yo gen ladan yo tache cheve long yo pa dèyè, lave men yo anvan yo manyen manje, pataje materyèl, koute moun k ap ba yo swen yo, bay respè e pran plezi yo.

2. KI TI KONSÈY ÈSKE MWEN KA JWENN POU APRANN ADOLESAN YO?

Souliye pou adolesan yo ke bon nitrisyon ak konpetans kilinè alabaz sante ak byennèt. Manje yo trete anpil yo ak manje manifaktire yo ka sanble yo ekonomik, sepandan pri sa ap koute w sou sante w la wo anpil. Stolman di konsa, lè adolesan yo ede nan planifikasyon ak preparasyon meni ki bon pou sante, sa ka fè yo vin dekouvri yon karyè kilinè.

Lè adolesan yo byen aprann konpetans nan kizin yo, yo vin devlope yo piplis e yo rete ak yo pou tout rès vi yo, dapre Wall. Adolesan yo kapab mete konpetans avanse yo an pratik, nan rete pre etan manje yo ap kwit, e yo ka pwograme kwonomèt fou yo, epi itilize sipò pou kaswòl yo pou retire manje yo nan fou epi pou pote manje cho yo.

3. ÈSKE KIZIN MWEN AN GEN LEMWENS DANJE POSIB?

Se pou tout fanmi w santi yo san danje etan yo nan kizin nan, donk itilize kouto, hachè ak pwelon elektrik ki apwopriye pou laj timoun nan, ke w ka pozisyone nan nivo pitit ou rive a, etandone gendelè fou yo twò wo, dapre Stolman. Epitou, pou evite maladi asire w ke manje frèt yo rete frèt epi manje cho yo rete cho.

Byenke, gendelè ou fèt pou w kreye yon zòn ki pa pèmèt timoun ladan etan w ap prepare repa fanmi an yo. Pou w evite boule nan dife ak boule nan dlo cho montre timoun piti yo pou yo kenbe yon distans ki omwen twa pye avèk espas kote w ap kwit manje yo, epi mete tibebe yo nan chèz wo yo kote w kapab wè yo lè w bezwen konsantre w sou sa w ap fè yo. Sa pwoteje tout moun pou yo pa vitkim aksidan.

Wall di konsa, "pi bon pati a se rezilta final la, lè w rive goute manje a epi pataje bon manje w kwit la". "Pran foto, fè elòj yo epi selebre akonplisman nou an. Sa fè timoun yo santi yo fyè anpil anpil ak tèt yo."

Pou w jwenn plis ti konsèy toujou, ale sou sit Children’s Heath ak Parents.com.

REFERANS YO:

Kijan pou w kenbe kay ou san danje lè nou tout kole anndan kay la

Nan atik sa a, ou pral jwenn repons pou kesyon tankou:

  1. Kijan pou mwen fè kay mwen san danje pou timoun?
  2. Kilès ki kapab bay konsèy rapid sou sekirite nan domèn anpwazònman?
  3. Ki lòt obstak ki ka genyen?

Ou fin prepare fanmi w pou n konfwonte yon kriz byen long ki mande pou n rete chita lakay nou, san danje kont menas ki gen deyò a yo. Se pou tout moun fè posib yo pou yo travay, etidye epi jwe ansanm etan nou fèmen anndan kay pandan yon tan endefini.

Sepandan, ka gen danje anndan kay la tou, donk li bon pou w voye gwo koutje sou pwodui netwayaj yo, medikaman yo ak jwèt yo, dapre Kathy Wall, direktè pwogram Safe Kids Palm Beach County (Timoun San Danje nan Palm Beach County). 

1. KIJAN POU MWEN FÈ KAY MWEN SAN DANJE POU TIMOUN?

Dapre Wall, se pou w mache nan kay la ak lòt granmoun pou n gade chak zòn ak lide nou sou sekirite timoun. 

Li di, "Je jèn timoun souvan rive menm wotè ak nivo kote pwodui netwayaj yo ye sou tab ak anba plaka nan kizin ak nan twalèt yo". "Sonje pou w kenbe pwodui sa yo nan resipyan orijinal yo avèk tout etikèt yo epi konsève yo lwen kote timoun paka ni pran yo ni wè yo. Si se pa yon bagay ou ka ni manje ni bwè, pa mete l nan frijidè."

Enspekte pyès kay ou yo pou bagay sila yo:

KIZIN

  • Amonyak
  • Pwodui netwayaj pou fou, drenaj, sifas yo, veso yo
  • Detèjan yo
  • Vèni pou mèb yo
  • Medikaman, vitamin, sipleman abaz fèy
  • Bwason alkolize
  • Plant

TWALÈT 

  • Dezodorizan
  • Pwodui netwayaj pou bòl, lavabo, douch
  • Kolòy ak Pafen
  • Krèm pou retire pwal
  • Pwodui swen pèsonèl
  • Pwodui premye swen
  • Medikaman, vitamin, sipleman abaz fèy
  • Rens bouch
  • Kitèks ak asetòn
  • Alkòl pou friksyon
  • Krèm pou raze, losyon apre razaj 

SAL POU LESIV

  • Detèjan
  • Klowòks
  • Adousisan pou lenj

2. KILÈS KI KAPAB BAY KONSÈY RAPID SOU NAN DOMÈN ANPWAZÒNMAN?

Anpwazònman se koz prensipal lanmò akoz chòk nan Florida, dapre Sant pou Kontwòl Anti-Pwazon nan Florida (Florida's Poison Control Centers). Ou kapab ede evite plis trajedi lè w voye yon tèks ki di POISON (PWAZON) nan 797979 pou w ajoute Kontwòl Anti-Pwazon kòm kontak nan telefòn ou.

PoisonHelp.org ofri yon zouti entèraktif pou detèmine kisa w ka fè si pitit ou pran kontak ak pwodui ki ka toksik, pwazon oswa medikaman. Oubyen kominike an dirèk atravè mesaj tchat avèk yon pwofesyonèl nan webPOISONCONTROL pou w deside si w ta dwe rele Kontwòl Anti-Pwazon oubyen kouri al nan sal dijans.

Rele 911 tousuit si pitit ou endispoze, si l gen yon kriz, si l gen difikilte pou l respire oubyen si w paka reveye l.

Si yon timoun tou senplemen niche yon dezenfektan pou men sa pa grav ase pou touye l, men rele Kontwòl Anti-Pwazon nan 1-800-222-1222 tousuit si li bwè l. Li genyen alkòl ladann, donk se pou w konsève l an tout sekirite kote l paka rive wè l ni kote l pa ka pran ni menm jan ak lòt bagay ki ka pwazon yo.

3. KI LÒT OBSTAK KI KA GENYEN?

Kidonk, ou sekirize medikaman w yo nan twalèt la ak nan kizin nan, men e lòt kote yo?

Wall di konsa, "timoun ki jouda kapab rantre byen fasil nan medikaman ak vitamin ki nan sakamen yo e ki sou kontwa ak sou tab denwi yo".

Li konseye tou pou w limen limyè pou w li etikèt yo anvan w bay pitit ou nenpòt medikaman. Ale sou sit Safe Kids Worldwide pou w jwenn plis enfòmasyon sou sekirite medikaman yo.

Separe jwèt yo dapre laj timoun yo. Wall di konsa, si pitit ou yo jèn, veye yo de trè pre avèk ti pyès jwèt yo, leman yo ak ti batri ki gen fòm bouton yo. Montre pitit ou yo epi sipèvize fason pou yo jwe san danje. Ale sou sit The Toy Association pou w jwenn plis ti konsèy  

REFERANS YO: